The Nourished
Runway

Yon blog Cassie Augustin

Reprezante fòs Ayiti : Miss Choucoune ak byennèt fanm yo


Mwen rele Cassie Augustin, e mwen se kandida nan premye konkou Miss Choucoune International la. Mwen fèt Okay, yon vil pò nan depatman Sid Ayiti. Pandan m t ap grandi, pasyon m pou nitrisyon te pran rasin lakay mwen, kote m te konn gade manman m ap kwit resèt senp e ki bon pou sante. Ou t ap toujou jwenn mwen nan kwizin nan, ap aprann koupe yon poul antye e fè gato. Mwen pa t ka tann jou manman m ta finalman kite m okipe dine dimanch la, yon tradisyon fanmi mwen kenbe tou pre kè m.

Mwen te toujou vle vin chèf kwizin, men yo te di m li t ap pi difisil pou m viv ak kwizin. Mwen pase plizyè ane ap chèche yon domèn ki bon pou mwen. Kòm yo te di m mwen ta ka yon bon enfimyè paske mwen gen kè sansib, mwen deside pran wout sa a san ezite. Se la mwen te viv redireksyon Bondye. Nan pwosesis la, mwen aprann vrè sans vokasyon an, e ke don Bondye bay yo pa dwe rete dèyè.

Mwen aprann sou lisans nan nitrisyon an dezan pita, apre m te bay tout tèt mwen nan enfimyè. Men chanje domèn te gen tèlman sans pou mwen ke reta a pa t enpòtan ditou ! Mwen te detèmine pou m transfere nan yon lòt eta epi kòmanse vwayaj mwen : etidye nitrisyon, dyetetik ak jesyon manje. Byen vit, mwen devlope yon pasyon pou nitrisyon ak edikasyon.

Kòm yon fanm ki te soufri anemi kwonik, pwoblèm pwa, ak règ ki lou, mwen te konnen mwen te bezwen aprann pou m te ka ede tèt mwen. Menm ak tout konesans mwen te akeri, gerizon mwen pa t janm yon liy dwat. Mwen vit reyalize mwen pa t pou kont mwen. Chak fwa mwen te pataje pwoblèm sante m ak lòt fanm, yo te konn konprann mwen epi di « Mwen menm tou ». Tout eksperyans sa yo te nouri dezi m pou m ankouraje fanm yo gen yon pi bon kalite lavi.

Platfòm mwen, Empowerher Health, se yon espas san danje kote fanm yo ka santi yo byenveni pou aprann, grandi ak pwospere. Empowerher Health se edike fanm yo epi ba yo mwayen pou yo pran swen tèt yo grasa nitrisyon. Kòm fanm, nou gen tandans mete bezwen lòt moun anvan pa nou, e li lè pou nou kòmanse pran swen tèt nou. Mwen te toujou renmen pawòl sa a : ou pa ka vide yon tas ki vid. Lè nou nan pi bon fòm nou, nou ka fè nenpòt sa nou mete nan tèt nou !

Yon sèl mo pou dekri vwayaj mwen kòm kandida Miss Choucoune ta dwe serendipite : yon bèl aksidan. Mwen te konnen mwen te bezwen soti nan zòn konfò m pou m grandi, men mwen pa t konnen kisa pou m fè. Pi bon zanmi m te wè piblisite rekritman an sou Instagram e li te di m mwen ta dwe fè l. Touswit, mwen te santi m atire pa lide a e mwen kòmanse prepare tèt mwen mantalman pou travay la. Anba tout bèl bagay yo, mwen te toujou admire fratènite ak kominote yon moun ka bati nan konkou bote. Li ede tou ak disiplin, kapasite lidèchip, antreprenarya, ak plis ankò.

Mwen tèlman kontan fè pati premye konkou Miss Choucoune International la. Si mwen gen chans pou m genyen, mwen angaje m pou m pataje yon pati nan sa m genyen ak moun nan vil natal mwen ki gen difikilte pou peye manje balanse, pandan m ap edike fanmi yo sou benefis manje ki bon pou sante. Se fason pa m pou m kòmanse remèt sa m resevwa e gen yon enpak pozitif sou lavi lòt moun.

Mwen rekonesan anpil pou opòtinite pou m bati platfòm mwen kòm kandida nan konkou prestijye sa a. Mwen kontan anpil pou m montre bote, richès ak divèsite eritaj ayisyen m lan sou plan entènasyonal.